Kiyes nou ye?
E-REVOLUTION HAITI se yon platfòm kou an liy. Nou baze an Ayiti pi presizeman nou nan vil Okap. Nou spesyalize nou nan fòmasyon sou "Marketing Digital" avek "E-commerce" ak "Devlòpman Pèsonèl".
Nou ap travay avèk yon ekip jenn fòmatè ki soti nan divès orizon ak peyi pou nou pote yon seri de fòmansyon ki ankadre byen ak reyalite pa nou an Ayiti.
Objektif nou se kreye yon revolisyon nan domèn biznis an liy an Ayiti.
Misyon nou se pou arive fòme plis pase 1 Milyon Jèn Ayisyen nan sa yo rele Kreyasyon biznis, biznis an liy ak devlòpman pèsonèl.
Bonjou, mwen se Geraly Mesidor
Mwen fèt e ap viv Okap. Mwen marye e mwen genyen yon bebe. Mwen se yon antreprenè. Mwen se Fondatè e Enstriktè nan "E-REVOLUTION HAITI". Mwen se Fòmatè e Ekspè an Marketing Digital ak Devlopman pèsonèl. Mwen ekri plan strateji Marketing pou antrepriz em ede Pèsonalite jere imaj yo.